OIM remèt materyèl imanitè bay “Nos Petits Frères et Sœurs” pou soutni moun andikape yo
Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) kontinye mobilize resous pou soutni kominote ki pi frajil yo an Ayiti. Dènye inisyativ lan se yon don plis pase yon santèn materyèl, ki gen ladan ekipman pou mobilite, materyèl pou bati abri, ak kit ijyèn, bay patnè imanitè “Nos Petits Frères et Sœurs” (NPFS). Remiz sa a fèt nan kad efò kontinyèl OIM pou amelyore kondisyon lavi moun ki viktim deplasman fòse nan plizyè rejyon nan peyi a.
Òganizasyon “Nos Petits Frères et Sœurs” , ki resevwa materyèl sa yo, gen yon wòl enpòtan nan akonpaye moun ki gen andikap, sitou sila yo ki sibi konsekans kriz sekirite ak deplasman masif. Estrikti sa ap travay depi plizyè lane pou garanti enklizyon sosyal ak byennèt moun ki pi vilnerab yo, an patikilye timoun ak granmoun ki pèdi tout mwayen pou viv.
Avèk don sa a, OIM di lap ranfòse kowòdinasyon li ak lòt patnè imanitè nan peyi a, nan objektif pou bay repons rapid ak efikas fas ak bezwen ijans popilasyon an. Inisyativ la antre nan kad efò entènasyonal k ap chèche asire pèp ayisyen an, espesyalman moun ki gen andikap ak deplase yo, jwenn asistans nesesè pou viv ak diyite.

