Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé prezide yon Konsèy Gouvènman nan Primati a
Primati fè konnen Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé dirije mekredi 22 oktòb la Konsèy Gouvènman nan lokal Primati a.
Reyinyon travay sa a, ki gen gwo enpòtans, te chita sou Pwogram Envestisman Piblik (PIP) pou ane fiskal 2025-2026 la, ki se youn nan poto mitan politik ekonomik ak sosyal Gouvènman an.
Manm Gouvènman yo te dwe diskite tou sou mezi ijan pou ranfòse sekirite piblik atravè tout peyi a, ansanm ak dispozisyon pou preparasyon pwòch eleksyon yo, nan kad efò pou retabli enstitisyon demokratik yo epi retounen nan yon lavi konstitisyonèl nòmal.
Premye Minis la renouvle volonte Gouvènman Repiblik la pou l kontinye travay ak efikasite, rigè ak responsablite, nan objektif pou satisfè bezwen popilasyon an, garanti estabilite nasyonal la epi relanse devlopman dirab peyi a. Primati a reyafime angajman Gouvènman an pou l kontinye aji nan lespri transparans ak dyalòg, pou byen kolektif la ak ranfòsman Leta dwa.

