Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Arcahaie, yon lane apre atak “Viv Ansanm” : Vil la toujou sou gad

Gen yon lane depi koalisyon kriminèl “Viv Ansanm” te anvayi Arcahaie, fòse plis pase 30 mil moun kite kay yo, selon Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM). Kay ak machin te boule, plis pase dis moun te pèdi lavi yo, e vil la te nan yon pè total. Videyo gang yo nan Saint-Médard te fè moun kwè Site Drapo a te tonbe.

Digue Proby ak katye ki tou pre yo te tounen refij pou fanmi k ap kouri anba vyolans lan. Lè inite polis ki soti nan Saint-Marc ak blinè te rive, yo pote yon limyè nan mitan dezòd la. Polis lokal yo ansanm ak kolèg yo ki te soti nan Saint-Marc te rive pouse gang yo jiska Cabaret, kote yo te gen baz yo, e sa te sove anpil lavi ak pwopriyete nan vil la.

Apre plis pase yon mwa, moun yo te kòmanse retounen lakay yo pou rekòmanse lavi yo piti piti. Men, vil la toujou anba menas gang yo, e abitants yo rete sou gad, konnen sekirite a toujou fèb e vyolans ka retounen nenpòt lè.

Yon lane apre trajedi sa a, Arcahaie ap rebati. Malgre mak ak pè yo, pèp la rete fò, fyè, epi deside pa kite krim ak pè kraze espwa yo pou yon lavni miyò.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.