Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSENVIRONNEMENTSOCIÉTÉ

Tanpèt Twopikal MELISSA menase Ayiti : plizyè depatman anba alèt jòn

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC), ansanm ak Sekretarya Permanent pou Jesyon Risk ak Dezas (SPGRD), mete plizyè zòn nan peyi a, pami yo Depatman Lwès la, anba alèt jòn akoz pasaj tanpèt twopikal MELISSA sou lanmè Karayib la.

Daprè enfòmasyon Inite Idwometeyowolojik Ayiti (UHM) bay, MELISSA t ap deplase ak yon vitès 22 km/h e li te lokalize, nan mitan jounen lendi 20 oktòb, anviwon 480 kilomèt o sid peyi a.

Pandan pasaj li, tanpèt la kapab pote gwo lapli ak van fò, ki kapab lakòz inondasyon, glisman tè ak efondreman rivaj, sitou nan zòn Grandans, Nip, Sid ak Sidès.

Pwoteksyon Sivil lan mande tout popilasyon an rete vijilan, swiv enfòmasyon ofisyèl yo sou radyo, televizyon ak rezo sosyal, epi avèti fanmi ak vwazen yo pou yo ka pran mezi nesesè avan sitiyasyon an ta vin pi grav.

Otorite yo ankouraje moun k ap viv toupre rivyè, pant oswa ravin pou yo chèche refij nan zòn pi an sekirite si lapli vin tèlman fò.

Menas tanpèt MELISSA a vini nan yon moman difisil pou peyi a, kote gen yon rekòmansman maladi kolera nan plizyè rejyon. Dapre ekspè sante yo, gwo lapli ak inondasyon kapab fasilite pwopagasyon mikwòb nan dlo yo, sa ki riske agrave kriz sante piblik la.

Pwoteksyon Sivil raple tout sitwayen yo prensip debaz sekirite yo:

Pa travèse dlo k ap koule sou wout yo.

Mete telefòn ak dokiman enpòtan nan kote ki pa ka mouye.

Kenbe yon ti rezèv manje, dlo pwòp ak medikaman.

Tanpèt MELISSA a toujou sou lanmè Karayib la, men otorite yo suiv evolisyon li èdtan pa èdtan.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.