Tanpèt twopikal Melissa deja fè viktim ann Ayiti
Yon gason 70 lane pèdi lavi li nan komin Marigot, nan depatman Sidès la, apre yon pye bwa te tonbe sou li pandan pasaj tanpèt twopikal Melissa, dapré enfòmasyon responsab sistèm naasyonal kap jere risk ak dezas yo pataje. Nan depatman Latibonit, senk lòt moun blese pandan inondasyon ki frape zòn nan akòz gwo lapli ki kontinye tonbe depi plizyè èdtan.
Tanpèt Melissa ap kontinye devlope pandan li ap deplase sou lanmè Karayib la. Plizyè rejyon nan peyi a, tankou Lwès, Sid, Sidès ak Latibonit, ap soufri anba van fò ak lapli san rete. Rivyè yo ap debòde, wout yo inonde, epi kèk fanmi deja oblije kite kay yo pou chèche refij.
Daprè Direksyon Pwoteksyon Sivil la, peyi a sou alèt zoranj, sa vle di risk inondasyon ak glisman teren yo wo anpil. Otorite yo mande popilasyon an rete vijilan, evite travèse rivyè, epi suiv tout konsèy sekirite pandan tanpèt Melissa ap kontinye menase peyi a.

