Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

RNDDH denonse atak dwòn ki touye 16 moun nan Simon Pelé

Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) leve vwa li kont trajedi 20 septanm nan Simon Pelé, kote 16 moun, pami yo 8 timoun, pèdi lavi anba atak dròn. Òganizasyon an denonse silans otorite yo epi mande pou gen yon estrikti kowòdinasyon serye ant fòs lòd yo pou anpeche repete krim sa yo.

Dapre RNDDH, atak sa a make yon nouvo etap nan laterè kap vale teren nan kapital la. Se pa sèlman nèf timoun ki viktim, men se tout yon kominote ki tounen tè lapenn ak kè kase. RNDDH kritike gouvènman an pou silans li, yon silans ki vin tounen konplisite moral devan mechanste sa yo. Òganizasyon an estime itilizasyon dròn nan men gwoup ame montre nivo enpinite ak ensekirite ki rive depase limit, e li mande pou gen yon selil kowòdinasyon ant polis, lame ak sèvis sekirite pou jere fenomèn dròn nan avan li tounen yon zouti lagè total kont popilasyon sivil la.

Nan yon peyi kote lavi pèp la vin tounen jwèt aza, silans otorite yo se pi gwo trajedi a. RNDDH lanse yon apèl ijan pou Leta reprann kontwòl epi pwouve ke sekirite pa dwe rete yon privilèj, men yon dwa fondamantal pou tout sitwayen.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.