Maladi laraj gaye san kontwòl nan komin Monwi, plizyè moun deja mouri
Nan mwa septanm pase a, komin Monwi leve ak yon reyalite ki fè frisonnen : plizyè moun nan lokalite Lanzak pèdi lavi yo aprè chen ki gen laraj fin mòde yo. Pandan otorite sante yo rete bèbè, popilasyon an ap viv nan laperèz, ant krent mistik ak mank swen medikal.
Depi kòmansman mwa septanm, lokalite Lanzak, nan zòn Monwi, ap fè fas ak yon vag lanmò ki lye ak maladi laraj. Daprè enfòmasyon lokal yo, senk moun deja mouri apre chen te fin mòde yo . Sitwayen yo, ki pa jwenn eksplikasyon medikal, kòmanse kwè se « lougarou » k ap ravaje kominote a. Sitiyasyon an vin pi grav paske sant sante Pyè Payen, ki pi pre zòn nan, pa gen ni medsen ni vaksen pou trete maladi sa a ki toujou fatal lè li pa pran an chaj atan.
Pandan popilasyon an ap rele anmwe, otorite yo toujou pa pran okenn dispozisyon. Pa gen kanpay vaksen pou chen, pa gen sesyon sansibilizasyon, menm pa gen yon vizit senbolik nan zòn nan. Patrick Estimé, yon edikatè ak jounalis nan Monwi ki te pale ak Vantbefinfo, fè konnen « pèp la santi l abandone ». Pandan tansyonak ensekirite kontinye ravaje komin nan, maladi laraj vin ajoute sou chay pèp la, san okenn siyal ki montre Leta pran sitiyasyon an oserye.
Nan Monwi, moun yo ap konte mò chak semèn, tandiske otorite yo kontinye fè silans. Si okenn aksyon pa pran, pa sèlman Lanzak k ap pèdi pitit li yo, men tout komin nan ka tounen yon sant epidemi.
pascalfleuristil2018@gmail.com

