Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSGovernmentSOCIÉTÉ

Gouvènman an renouvle solidarite li pandan pasaj siklòn Melissa sou peyi a

Gouvènman Repiblik dAyiti eksprime senpati pwofon ak solidarite li pou tout viktim dirèk oswa endirèk ki frape pa pasaj siklòn Melissa, ki poko fin pase sou teritwa nasyonal la, sitou nan depatman Grand Sid la. Daprè otorite yo, panse Leta a ale pou fanmi ki pèdi moun yo renmen ak pou tout sitwayen ki pèdi kay, byen, oswa mwayen pou viv yo pandan move tan an ap kontinye frape peyi a.

Depi premye alèt meteyowolojik yo te pibliye, gouvènman an, anba direksyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, di li te mete tout Sistèm Nasyonal Jesyon Risk ak Dezas (SNGRD) an mouvman pou limite domaj yo. Plizyè enstitisyon tankou Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT), Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), ansanm ak Direksyon Pwoteksyon Sivil (DPC), te deplwaye sou teren an pou ede sinistre yo, akonpaye otorite lokal yo, epi asire kontinite sèvis esansyèl yo.

Avèk fòs van yo ki rive 280 kilomèt pa èdtan, Melissa klase kòm siklòn kategori 5 sou echèl Saffir-Simpson. Nan sans sa, gouvènman an te deklare alèt wouj sou depatman Grand Sid yo epi ranfòse mezi sekirite ak evakyasyon. DPC ansanm ak fòs sekirite yo deja deplase plizyè santèn moun nan abri tanporè pou pwoteje lavi yo.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT) ak gouvènman an mande tout popilasyon an pou rete vigilant, respekte tout konsèy ofisyèl sekirite yo, epi kolabore pou sove lavi moun ak limite domaj materyèl yo. Otorite yo fè konnen yo rete mobilize san kanpe pou kontinye pote asistans bay sitwayen yo pandan moman difisil sa a, e yo remèsye tout patnè entènasyonal ak aktè lokal ki deja montre solidarite yo.

Anfen, gouvènman an voye yon mesaj fraternel ak emosyonèl bay peyi vwazen Karayib yo, espesyalman Jamaik, ki pral sibi efè siklòn nan tou. Daprè kominike a, Ayiti kanpe bò kote pèp karayibyen yo nan moman sa a, epi li reyafime volonte li pou kontinye batay pou rebati peyi a, ranfòse rezistans nasyonal, ak pwoteje lavi moun ansanm ak teritwa peyi a.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.