Repriz transpò piblik nan Kafou Ayewopò : Yon siy lavi ki tounen nan kè Delmas
Apre plizyè mwa blokis ak vyolans, transpò piblik rekòmanse fonksyone nan Kafou Ayewopò depi lendi 27 oktòb. Machin Delmas / Bon Repos yo repran wout yo, pandan chofè ak ti machann yo ap respire yon ti souf espwa.
Nan yon atmosfè ki te tèlman lou pandan lontan, bri motè machin ak vwa rabatè yo retounen fè kè anpil moun kontan. Manice Deplat, prezidan sendika “SOS Transport”, fè konnen li fyè wè estasyon an tounen ap viv ankò. « Nou te netwaye zòn nan nèt, retire dlo sal ak debri yo, pou n te kapab relanse aktivite yo. Jodi a, se yon viktwa pou tout moun ki te pèdi travay yo », li te deklare devan plizyè jounalis.
Repriz sa a pote anpil espwa pou chofè ak ti machann ki te oblije kouri kite plas la pandan batay ant lapolis ak bandi yo.
pascalfleuristil2018@gmail.com

