Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSENVIRONNEMENTSOCIÉTÉ

Trajedi nan Ti Gwav : 7 moun mouri apre dlo rivyè Ladig anvayi plizyè kay

Yon gwo trajedi frape komin Ti Gwav nan lannwit madi pou rive mèkredi 29 oktòb 2025 lan, aprè dlo rivyè Ladig, debòde epi anvayi plizyè kay. Katastwòf sa a pote ale lavi 7 moun, pami yo 3 timoun, yon manman, yon granpapa, yon lòt fanm ak yon jenn gason. Daprè enfòmasyon sous lokal yo, dlo a te monte toudenkou pandan tout moun t ap dòmi, sa ki lakoz anpil nan yo pa t jwenn tan pou yo sove.

Temwen nan zòn nan fè konnen yo te viv moman laterè pandan dlo a t ap rache kay ak tout mèb andedan yo. Anpil fanmi pèdi tout sa yo te posede, pandan kominote a plonje nan lapenn. Jiska mèkredi maten, ekip sekou yo te rive jwenn 4 nan kò yo ladan yo 2 timoun, fanm nan ak jenn gason an pandan 3 lòt toujou anba dlo ak labou.

Otorite lokal yo ak volontè nan kominote a kontinye chèche rès viktim yo malgre kondisyon difisil yo. Sitiyasyon sa a leve anpil kesyon sou preparasyon ak mezi prevansyon kont inondasyon nan Ti Gwav, yon zòn ki souvan frape pa gwo lapli. Plizyè vwa nan popilasyon an mande gouvènman an aji rapid pou soutni fanmi ki viktim yo ak anpeche yon lòt trajedi konsa rive ankò.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.