Ayiti : Yo dekouvri kat kò ki ta ka sòlda salvadoryen ki te disparèt apre yon anbiskad nan Santo
Kat kò ki ta ka idantifye kòm kadav kat sòlda salvadoryen ki te disparèt depi dimanch 18 oktòb la nan zòn Santo, nan komin Kwadèboukè, ta dekouvri samdi 24 oktòb 2026 la. Dapre The New York Times, ki site de sous ki pwòch misyon sekirite a, kadav yo te gravman boule. Otorite yo dwe fè otopsi pou konfime idantite yo, pandan nouvèl sa a soulve plis enkyetid sou sitiyasyon sekirite ann Ayiti.
Dapre enfòmasyon jounal ameriken an rapòte, kadav yo te rekipere samdi epi yo te remèt yon ekip militè salvadoryen nan ayewopò entènasyonal la. Kat militè sa yo te disparèt apre yon anbiskad gwoup ame te lanse sou yon machin blende yo t ap deplase ladan l nan zòn Santo. Machin nan te pran dife apre atak la. Depi ensidan an, rechèch yo t ap fèt nan yon kontèks tansyon ak gwo difikilte sou teren an. Sepandan, jiskaprezan, idantite kadav yo poko konfime ofisyèlman, epi misyon sekirite entènasyonal la pa t bay kòmantè sou enfòmasyon sa a, dapre Reuters.
Devan disparisyon militè yo, prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, te anonse deplwaman lòt sòlda, pami yo manm fòs espesyal, pou ranfòse operasyon rechèch ak sekou yo ann Ayiti. Li te mande pou yo remèt militè yo vivan, pandan li te lanse gwo avètisman kont gwoup ame yo. Deplwaman sa a mete plis presyon sou operasyon Fòs pou Represyon Gang yo, yon fòs entènasyonal Konsèy Sekirite Nasyonzini otorize pou kore lapolis ayisyèn nan batay kont ensekirite a. Men, ensidan Santo a mete aksan sou danje fòs sa yo ap konfwonte nan zòn kote gang yo gen gwo enfliyans.
Si otorite yo konfime idantite kat kadav yo, dosye sa a kapab make yon nouvo etap nan kriz sekirite ann Ayiti ak nan misyon entènasyonal k ap konbat gang yo. Ant rechèch ki poko bay rezilta definitif, menas reprezay ak risk pou popilasyon sivil la, kesyon an rete antye : ki rezilta operasyon sa yo ap pote pou retabli sekirite ak pwoteje lavi moun nan peyi a?
pascalfleuristil2018@gmail.com

