Saturday, October 24, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Ayiti : 450 militè salvadoryen deja nan Pòtoprens pou chèche kat konpatriyòt yo ki disparèt

Salvadò kontinye ranfòse prezans militè li an Ayiti nan kad operasyon pou jwenn kat sòlda salvadoryen ki disparèt nan zòn Santo, nan komin Kwadèboukè. Daprè enfòmasyon jounal Le Nouvelliste rapòte, kantite militè salvadoryen ki deja rive nan kapital ayisyen an monte a 450, apre yon lòt avyon ki te gen 100 sòlda abò li te ateri vandredi 23 oktòb la nan aswè.

Nouvo militè sa yo vini ak ekipman yo pou pote kole ak lòt fòs ki deja sou teren an. Yo gen pou misyon prensipal patisipe nan rechèch kat konpatriyòt yo ki disparèt yo, pandan y ap ranfòse kapasite Fòs Represyon Gang yo (FRG) nan operasyon kont gwoup ame k ap simen laterè nan peyi a. Deplwaman sa a fèt nan yon moman kote sitiyasyon sekirite a rete difisil nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

Yon sous Le Nouvelliste site demanti enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo ki fè kwè gen sòlda ameriken k ap patisipe nan operasyon yo sou teren an. Sepandan, sous la konfime avyon ki transpòte militè salvadoryen yo soti Ozetazini. Li presize tou pa gen okenn otorite politik salvadoryen ki prezan nan Pòtoprens, kontrèman ak rimè ki fè konnen minis defans Salvadò a ta rive nan kapital ayisyen an.

Pandan nouvo twoup sa yo ap debake, prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, reyaji vandredi 23 oktòb la sou rezo sosyal X pou reponn moun k ap doute kapasite militè li yo pou fè fas ak gang ann Ayiti. Chèf Leta salvadoryen an fè konnen li deja tande anpil kòmantè sou jan gang ayisyen yo vyolan, byen ame epi difisil pou konbat. Malgre kritik sa yo, Bukele rete kwè fòs li yo ap rive ranpòte laviktwa, pandan li fè konnen li pa gen entansyon kite opinyon negatif yo dekouraje l

Nan yon lòt mesaj ki chaje ak referans relijye, Nayib Bukele deklare militè ki angaje nan misyon an se moun ki gen lafwa e yo mete operasyon an nan men Bondye. Li kalifye gang ayisyen yo kòm gwoup « satanik », pandan li akize yo kòmkwa yo pratike sakrifis moun, san li pa prezante prèv pou soutni akizasyon sa yo nan mesaj la. Prezidan an site tou yon pasaj nan Bib la, Detewonòm 28:7, pou eksprime konviksyon li sou rezilta misyon an. Antretan, rechèch yo ap kontinye pou jwenn kat militè salvadoryen ki disparèt yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *