Saturday, October 24, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Ayiti : Nayib Bukele demanti enfòmasyon ki fè kwè yo jwenn kadav kat militè salvadoryen ki disparèt nan Santo

Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, demanti enfòmasyon ki fè konnen kadav kat militè salvadoryen ki disparèt depi dimanch 18 oktòb 2026 nan Santo, nan komin Kwadèboukè, ta jwenn. Chèf Leta salvadoryen an fè konnen rès kò moun yon òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) te remèt nan ayewopò a pa koresponn ak idantite kat teknisyen aviyasyon peyi li yo. Deklarasyon sa a vini apre yon atik jounal ameriken New York Times te pibliye sou posiblite pou yo te dekouvri kadav militè ki disparèt yo.

Daprè eksplikasyon Nayib Bukele bay, premye verifikasyon yo montre rès kò moun yo fè pati plizyè moun diferan, pami yo yon timoun, yon gason ki pi wo anpil pase militè salvadoryen yo ak yon lòt moun ki te gen sou li yon pati nan inifòm yon lame ki pa lame Salvadò. Prezidan an presize yo jwenn kat idantite ansanm ak inifòm militè ki soti nan lòt peyi nan mitan rès kò moun sa yo. Li ensiste sou lefèt pa gen okenn eleman ki pèmèt otorite salvadoryen yo konfime kadav sa yo se kadav kat konpatriyòt li yo.

Deklarasyon prezidan Bukele a fèt nan yon kontèks kote rechèch yo ap kontinye pou jwenn kat militè salvadoryen ki disparèt pandan yon misyon nan zòn Santo. Disparisyon sa a te lakòz gwo mobilizasyon fòs sekirite yo, pandan Salvadò te voye lòt militè an Ayiti pou ranfòse operasyon yo. Pou kounye a, sò kat teknisyen aviyasyon yo rete enkoni, malgre enfòmasyon k ap sikile sou dekouvèt rès kò moun nan kad rechèch yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *