ACTUALITÉS

Ayiti-Pwotestasyon: Grèv gran Sid, anpil aktivite nan vil Jacmel paralize

Jan sa te anonse, Rasanbleman Gran Kòmèsan nan Gran Sid peyi Dayiti lanse yon mouvman pwotestasyon depi ayè madi 31 me 2022 a. Mouvman sa ap fèt pou fòse otorite leta yo pran bon jan desizyon epi poze aksyon pou konbat fenomèn ensekirite a k ap ravaje epi bloke 4 depatman nan gran Sid la. Malgre tout divizyon ki genyen pou ta fè kwè grèv la leve aprè vizit 3 minis nan gouvènman ak reprezantan wo eta majò polis nasyonal la, men nan vil Jakmèl grèv la rive respekte kanmenm.

Sektè kòmèsyal la, Kòmès nan mache piblik Jakmèl la fèmen. Transpò piblik Jakmèl/Marigo Peredo pa fonksyone. Te genyen kawotchou ki t ap boule kèk kote bonè maten an.

 

 

Nan yon kout pye nou te rive fè nan mache piblik la, kèk ti machann ap plenyen paske yo fè konnen se ponya yo pran pou yo fonksyone. « Sak ble vann 4000 goud, pri sak mayi Alberto a monte rive nan 4000 goud, 1 galon lwil la koute 1500 goud epi 1 pòt diri vann 100 goud ». Se kèk detay plizyè nan yo bay sou pri pwodui manje ki soti nan peyi etranje yo ki pa sispann monte.

Kèk detayan di yo pa dakò ak mache an ki fèmen an. Yo di grèv lan se grèv sektè prive. « Yon mache apèn boule la sou do nou. Poutan se mache a ki labank nou. Si nou pa vini la a, nou p ap manje » se deklarasyon sa kèk nan yo fè. Men malgre tout plenyen sa yo, yo fè konnen si grèv la rive respekte nan tout 4 depatman ki konsène yo l ap bon pou yo tout. Daprè ti machann yo, fenomèn ensekirite a kraze ekonomi an ak tout lòt aktivite nan tout gran Sid la.

N ap fè remake gran kòmès, (mache Jakmèl ki se sant kòmèsyal vil lan pa fonksyone ditou) edikasyon, (se kèk lekòl ki fonksyone), Transpò (machin pa vwayaje), labank ak kès popilè yo pa louvri.

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.