Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Liberasyon sè Leconte yo apre plis pase yon mwa nan men kidnapè

Apre plis pase yon mwa nan kaptivite, sè Leconte yo, Falande ak Fanela Malia, finalman jwenn liberasyon yo nan lannuit lendi 13 pou rive madi 14 oktòb 2025, anviwon 1è nan maten. Daprè enfòmasyon fanmi yo konfime, de jèn fanm yo lage an bòn sante, apre anpil semèn difisil yo te pase nan men ravisè yo.

Sè Leconte yo te kidnape nan zòn Laboule 12, mèkredi 10 septanm 2025, pa yon gwoup nèg ak zam. Dapre sa sous yo rapòte, ravisè yo te mande yon ranson yon milyon dola ameriken an echanj pou libere yo, yon kantite lajan fanmi an te konsidere kòm twòp pou yo ka ranmase.

Malgre tout difikilte yo te rankontre, pwòch viktim yo te rive bay yon pati nan lajan an, men sa pa t sifi pou te libere yo nan menm moman an. Se sèlman apre plizyè negosyasyon ak semèn tansyon fanmi yo rive reprann sè yo vivan. Jiskaprezan, otorite yo poko bay okenn detay sou operasyon oswa kondisyon liberasyon an.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.