Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉS

Konsila Ayiti nan Dajabón avèti kont itilizasyon viza Schengen pou antre Dominikani

Konsila Ayiti ki nan Dajabón pibliye yon avi jodi mèkredi 15 oktòb 2025 la pou enfòme tout sitwayen ayisyen k ap planifye travèse fwontyè ant Wanament ak Dajabón. Nan kominike sa a, konsila a fè konnen moun ki gen viza Schengen tranzit pou yon sèl antre pa gen otorizasyon pou antre sou teritwa dominiken an. Otorite migrasyon Repiblik Dominikèn yo konfime kalite viza sa a pa valab pou antre nan peyi yo.

Pou nenpòt moun ki vle pase atravè Repiblik Dominikèn, konsila a presize li nesesè pou gen youn nan dokiman sa yo : yon sòt-kondwi delivre pa otorite konpetan yo, yon viza Schengen ak plizyè antre, oswa yon viza valab nan men Etazini oswa Kanada. Daprè enfòmasyon ofisyèl otorite dominiken yo, se sèlman dokiman sa yo ki pèmèt yon moun antre legalman sou teritwa yo.

Konsila Ayiti nan Dajabón, atravè vwa konsil Ricot Almonord, ankouraje tout vwayajè ayisyen pran bon enfòmasyon avan yo pati epi fè tout preparasyon nesesè pou evite pwoblèm oswa dezagreman sou fwontyè a. Avi sa a vize pwoteje vwayajè yo kont sitiyasyon kote yo ka bloke oswa refize antre pandan yo ap eseye travèse nan Repiblik Dominikèn.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.