Friday, March 20, 2026
ACTUALITÉSSOCIÉTÉ

Gouvènman an salye memwa Robert “Bobby” Denis, enjenyè son vizyonè nan mizik ayisyèn nan

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, nan non gouvènman Repiblik Ayiti a, eksprime gwo tristès li aprè lanmò Robert “Bobby” Denis, enjenyè son ki make istwa mizik ayisyèn ak karayib la depi ane 1970 pou rive 2000 yo. Disparisyon li make pèd yon pèsonalite eksepsyonèl ki te pote anpil inovasyon nan domèn mizik ak medya nan peyi a.

Bobby Denis te fondatè estidyo lejandè Audiotek, youn nan pi gwo espas pwodiksyon mizikal Ayiti te genyen. Avèk konesans pwofon li nan son ak pasyon li pou mizik, li te pèmèt anpil atis ak gwoup mizikal kreye pi bèl travay yo. Travay li te jwe yon wòl kle nan modènizasyon son ayisyen an epi li te mete mizik peyi a sou sèn entènasyonal la.

Men, dèyè gwo pwofesyonèl sa a, te gen yon nonm jenere ak sensè ki te gen lanmou pwofon pou kilti ak medya ayisyèn yo. Kòm ansyen prezidan Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH), li te toujou defann libète laprès epi batay pou ranfòse kapasite pwofesyonèl nan sektè kominikasyon an, daprè sa laprimati raple nan kominike sa epi souliye devouman li te rann li tounen yon modèl pou tout jenerasyon medya k ap monte.

Pou anpil atis ak teknisyen, Audiotek pa t sèlman yon estidyo, men yon espas pataj, amitye ak kreyativite. Se te kote gwo non tankou Ansy Derose, Coupe Cloué, Isnard Douby, Fred Paul, Raymond Cajuste ak anpil lòt te konpoze mizik ki make memwa pèp ayisyen an. Bobby te konn tounen enspirasyon pou tout moun ki te travèse pòt estidyo sa a.

Gouvènman an prezante senpati ak kondoleyans li bay fanmi Robert Denis, zanmi li yo, kolaboratè li nan Canal Bleu, ansanm ak tout kominote atistik, kiltirèl ak medyatik Ayiti ak Karayib la. Eritaj li ap rete vivan nan chak chante, chak aranjman, chak son ki pote siyati li. Bobby Denis kite yon tras ki pap janm efase nan listwa ak nan lespri pèp ayisyen an.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.