Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITESOCIÉTÉ

Fontamara an dèy apre lanmò pwofesè Maurice Dupuy ak pitit fi li Consuélita

Katye Fontamara ap viv yon doulè san parèy apre lanmò siksesif pwofesè Maurice Dupuy ak pitit fi li, Consuélita Emmanuella Dupuy, ki te gen sèlman 7 an. Ti fi a te mouri yon semèn apre asasina brital papa li, yon pwofesè anglè nan Lise Nasyonal Petyonvil. Daprè enfòmasyon ki disponib , Consuélita mouri apre li te santi gwo doulè nan vant, yon sitiyasyon doktè yo esplike kòm rezilta yon gwo chòk emosyonèl apre pèt papa li.

Pwofesè Dupuy te touye nan mitan jounen, sou ri Nicolas, kote plizyè temwen di li te konn leve vwa li kont zak mechan gang ki ap opere nan zòn nan. Lanmò li te soulve endiyasyon nan mitan kòlèg pwofesè li yo ak tout kominote a, ki te wè nan aksyon sa a yon krim k ap fèmen bouch sitwayen onèt kap defann dwa moun.

Kounye a, se Consuélita ki ale, sèt jou apre papa li. Daprè temwayaj vwazen yo, ti fi a te toujou ap mande kilè papa li t ap tounen. “Li pa t kapab sipòte doulè a,” yon vwazen te rakonte ak vwa ki tranble. Fanmi an ak tout katye a plonje nan lapenn, tandiske timoun ak granmoun ap eseye konprann kijan lanmò kapab frape de fwa konsa nan menm fanmi an.

Dram sa a montre ankò kijan vyolans, enpinite ak laterè ap kraze lavi ak rèv fanmi ayisyen chak jou. Nan peyi kote lanmò tounen nouvèl chak maten, ka Dupuy a raple tout moun nesesite pou lapè, jistis ak sekirite retounen nan lavi pèp ayisyen an.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.