Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Fòs Represyon Gang (FRG) pran sèvis pou sekirize peyi a

Fòs Represyon Gang (FRG) kòmanse operasyon li ofisyèlman an Ayiti, daprè yon piblikasyon Anbasad Etazini fè sou paj fesbouk li. Fòs sa a te kreye dapre rezolisyon 2793 (2025) Nasyonzini an, kòm ranplasman pou Misyon Multinasyonal Dappui a Sekirite (MMAS). FRG a gen 5 500 manm epi li gen pou misyon prensipal pou ede Leta ayisyen nan batay kont gang yo ki ap simaye laterè nan plizyè zòn nan peyi a.

Nan kolaborasyon ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Fòs lame d Ayiti (FAd’H), FRG a ap mennen operasyon konjwen ak endepandan pou reprann kontwòl zòn gang yo okipe yo. Li gen tou wòl pou pwoteje enfrastrikti kle peyi a tankou ayewopò, pò ak wout estratejik, ki souvan sibi atak bandi ak zam.

Anplis, Nasyonzini di li mete sou pye yon nouvo Biwo Dappui pou Ayiti (UNSOH) pou bay FRG a sipò lojistik ak medikal pandan operasyon yo. Inisyativ sa a vize ranfòse efò pou retabli sekirite, estabilize peyi a epi pèmèt pèp ayisyen an reprann espwa pou yon lavi miyò ak plis lapè.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.