Etazini : yon Ayisyen anba kòd pou lanmò madanm li, yo akize l dèske li tire l sou pakin yon Walmart
Lapolis nan peyi Etazini arete Destino Jean-Louis, yon sitwayen ayisyen, vandredi 23 oktòb 2026 la, nan vil Philadelphia, nan kad yon ankèt sou asasina yon anplwaye Walmart ki rele Cooper. Fanm nan te pèdi lavi l mèkredi 21 oktòb la, bò 11è 30 nan aswè, apre yon moun te tire sou li sou pakin magazen Walmart ki nan Cedarbrook Plaza Shopping Center, nan Glenside, eta Pennsylvanie.
Lè lapolis te rive sou plas apre yo te fin resevwa yon apèl pou kout zam, yo te jwenn viktim nan atè toupre machin li, ak yon blesi bal nan tèt. Sekou yo te konstate lanmò li sou plas. Yon otopsi ki te fèt jedi 22 oktòb la te revele viktim nan te resevwa plizyè bal. Otorite yo klase lanmò sa a kòm yon omisid. Anplis, kamera siveyans magazen an te filme yon moun ki te mete mask, ki t ap kache toupre antre etablisman an kèk moman anvan fiziyad la.
Daprè deklarasyon yon kòlèg viktim nan fè devan lapolis, yo te fèk sot fini travay yo epi yo t ap pale sou pakin nan lè yon gason ki te kouvri figi l te pwoche, rale yon zam epi tire sou Cooper. Apre zak la, moun nan te kouri pran direksyon Philadelphia. Pandan ankèt la, lapolis te rive idantifye Destino Jean-Louis kòm prensipal sispèk la. Mesye sa a te konn travay nan menm Walmart la e li te gen yon relasyon ak viktim nan. Envestigatè yo jwenn tou de moun yo te jwenn yon lisans maryaj nan dat 31 mas 2025.
Selon enfòmasyon ankètè yo rasanble, maryaj sa a ta gen rapò ak demach Destino Jean-Louis t ap fè pou regilarize sitiyasyon imigrasyon li Ozetazini. Robert Clark, yon responsab nan Fugitive Task Force U.S. Marshals, fè konnen otorite yo te gen dout sou otantisite maryaj la, pandan viktim nan ta deside pa kontinye ak pwosedi yo. Yon lòt anplwaye Walmart fè konnen Jean-Louis te pèdi travay li akoz pwoblèm imigrasyon. Li ta konn kontakte lòt anplwaye pou chèche konnen ki lè Cooper t ap travay. Menm temwen an rapòte sispèk la ta deja rekonèt li te konn fè vyolans fizik sou fanm nan pandan relasyon yo.
Aprè arestasyon Destino Jean-Louis nan yon kay nan Philadelphia, ajan yo te dekouvri 11 bal kalib .22 pandan yon fouy. Daprè ankètè yo, analiz done telefòn li montre li te fè plizyè deplasman ant kay sa a ak Walmart Glenside la nan semèn ki te vini anvan asasina a. Done sa yo ta montre tou li te nan zòn kote krim nan te fèt la nan moman fiziyad la. Lajistis ameriken mete plizyè akizasyon sou do li, pami yo asasina premye ak twazyèm degre. Pou kounye a, pa gen okenn avoka ki parèt nan dosye tribinal la pou reprezante l. Destino Jean-Louis rete prezime inosan toutotan lajistis pa pwouve li koupab.

