ACTUALITÉSJUSTICE

Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a mande jij Al Duniel Dimanche kanpe sou tout ankèt l ap mennen kòm jij enstriksyon

Nan yon korespondans Prezidan Konséy Siperyè Pouvwa Jidisyè a Me. Jean Joseph Lebrun voye bay jij Al Duniel Dimanche li fè konnen manda li te genyen kòm jij enstriksyon ki te kòmanse 29 janvye 2021 an fini.

Prezidan Konsèy mande majistra Dimanche pou li kanpe sou tout aktivite li kòm Jij Enstriksyon annatandan yo renouvle manda li. Nan menm sans sa tou, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ekri Direktè Jeneral lapolis la Frantz Elbe pou fè l konnen manda jij la fini depi 29 janvier 2024 li pa jij enstriksyon ankò

N ap anonse desizyon sa vini kèk tan aprè majistra Dimanche bay lòd jodi jedi 22 fevriye a pou poze sele sou Biwo Nasyonal Sant Ekipman (CNE) nan kad ankét l ap mennen sou dosye koripsyon nan bwat sila.

N ap raple majistra Dimanche gentan fè arete ansyen depite Cholzer Chancy nan kad ankét l ap mennen sou dosye koripsyon nan CNE epi mete manda dèyè anpil gwo kad nan leta.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.