ACTUALITÉSJUSTICE

Leon Charles demisyone nan pòs li nan OEA

Reprezantan Ayiti nan Òganizasyon Eta Ameriken yo, Léon Charles anonse li kite pòs li te genyen nan Òganizasyon an jounen jedi 22 fevriye a pou l ka al defann tèt li devan lajistis akoz non l ki site nan zak sasinay ki te fèt sou Prezidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2021.

Ansyen Direktè Jeneral lapolis la nan peyi Ayiti kite pòs li te genyen nan OEA. « Mwen remèt demisyon m nan pòs reprezantan pèmanan Ayiti nan OEA pou m ka al defann tèt mwen devan lajistis pou vye akizasyon Jij Walther Weisser Voltaire lage sou do m nan lanmò Prezidan Jovenel Moïse».

Jij la mande pou lajistis nan peyi Ayiti mete men nan gagann Léon Charles epi trennen l nan Penitansye Nasyonal pou konplisite l nan lanmò chèf leta peyi a.


pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, j'intéresse à tous les sujets d'intérêt général.