ACTUALITÉSSPORT

Toni Kross anonse li tounen nan seleksyon Almay la

Mitan tèren ekip Reyal Madrid la, Toni Kroos anonse ofisyèlman jounen jedi 22 fevriye 2024 la li tounen nan seleksyon Almay la apre 3 zan absans apre seleksyonè an Julian Nagelsmann te mande li sa depi byen lontan.

Nan yon deklarasyon li fè, Kroos pataje rezon ki fè li tounen nan seleksyon an: « Mwen pral jwe pou Almay ankò nan mwa mas kap vini an. Poukisa ? Paske seleksyonè a te mande mwen sa epi m anvi jwe tou paske m kwè nan kapasite seleksyon an genyen pou genyen chanpyona Ewòp la».

Retou Toni Kroos nan seleksyon Almay la pral fè plezi ak tout Alman yo. Eksperyans jwè Reyal Madrid la pral ede ekip la anpil nan batay pou genyen konpetisyon an.



pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, j'intéresse à tous les sujets d'intérêt général.