Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Plizyè kay pran dife nan Chandèl, komin Lyankou, anba men bandi ame

Bandi ak zam mete dife nan plizyè kay nan zòn Chandèl, komin Lyankou, nan apremidi jedi 16 oktòb 2025 la, daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon an. Aksyon sa a kreye gwo panik nan mitan abitan yo ki kouri kite kay yo pou chape lavi yo.

Daprè kèk sous lokal, atoufè yo ta fè pati gwoup “Gran Grif” ki konn simen laterè nan plizyè lokalite nan rejyon an . Plizyè fanmi pèdi tout sa yo te posede, pandan plizyè lòt ap chache refij lakay fanmi oswa nan legliz. Sitiyasyon an toujou rete tansyon, e lafimen ki soti nan kay yo boule te kapab wè depi byen lwen.

Abitan Chandèl yo lanse SOS bay otorite leta yo pou entèvni prese prese pou mete lòd nan zòn nan. Yo mande Polis Nasyonal la ak fòs sekirite yo pou pran bon jan dispozisyon pou anpeche bandi yo kontinye fè dega.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.