“Team Ascenseur” : yon gang fi anba lòd Ti Lapli ap simen laperèz nan Gran Ravin
Nan yon rapò ankèt li pibliye dènyèman, Lig Ayisyen pou Defans Dwa Moun (LHDDH) fè konnen li dekouvri egzistans yon gang ki konpoze sèlman ak fanm ame nan zòn Gran Ravin, Matisan, nan antre Sid Pòtoprens. Gwoup sa a, yo rele “Team Ascenseur”, fè pati kowalisyon Viv Ansanm epi li aji anba lòd chèf gang Kaporal Ti Lapli. Òganizasyon dwa moun lan di li trè enkyè pou ogmantasyon patisipasyon fanm nan gang ame yo.
Dapre rapò LHDDH la, plizyè jèn fi ki gen ant 17 ak 30 an antre masivman nan gang ame nan kapital la. Wòl yo pa limite ankò nan fè manje oswa bay enfòmasyon. Yo patisipe dirèkteman nan operasyon ame, yo fè sekirite nan baz yo, epi pafwa menm yo enplike nan asasina polisye, jan yon jèn fi te deja admèt nan Allô Lapolis.
Rapò a presize tou gwoup sa a gen plis pase yon ventèn (20) jèn fanm, ki responsab sekirite anndan lakou chèf la, Ti Lapli. Gen ladan yo ki pozisyone anlè kay la pou veye ak tire sou nenpòt entèvansyon lapolis. Non “Ascenseur” lan, dapre kèk temwen, ta gen yon sans mistik, paske yo kwè Ti Lapli ta sèvi ak yon lespri malefik pou pwoteje teritwa li.
Pou fè rekritman nouvo manm, fòme gang fi sa yo sèvi ak estrateji sediksyon. Gen kèk ladan yo ki ale nan klèb lannwit oswa mache nan lari pou chèche jèn fi, souvan minè, pou yo tante, konvenk epi mennen nan baz la. Yon fwa yo rive sou plas, yo sibi manipilasyon sikolojik e pafwa yo pa gen dwa kite kote a, paske yo pè yo pral viktim swa lapolis oswa lòt manm gang lan.
LHDDH fè konnen sitiyasyon sa a menase lavi ak avni plizyè jenerasyon jèn fi nan katye defavorize yo. Òganizasyon an denonse fason kèk fanm vin tounen zouti nan men chèf gang ki itilize yo pou ranfòse estrikti kriminèl yo, pandan yo fè kwè se yon fòm pwoteksyon oswa pouvwa.
An fas danje sa a, LHDDH lanse yon apèl bay tout òganizasyon sosyete sivil la, espesyalman sa yo k ap travay nan pwoteksyon timoun ak fanm, pou soutni efò sansibilizasyon ak reyabilitasyon jèn fi ki viktim oswa ki deja enplike nan gang. Yo mande tou pou fanmi yo resevwa plis sipò nan zòn ki plis ekspoze ak vyolans, pou evite rekritman fòse oswa maske.

