26yèm edisyon “Madi Nasyon an” : Gouvènman an kontinye transfè sosyal pou fanmi ak travayè vilnerab yo
Primati òganize 26yèm edisyon pwogram “Madi Nasyon an” jodi madi 21 oktòb 2025 la, ki te santre sou tèm asistans sosyal Gouvènman an ap bay popilasyon an. Envite espesyal jounen an te Serge Gabriel Colin, Direktè Jeneral FAES (Fonds d’Assistance Économique et Sociale), ki te prezante dènye avansman nan pwogram sipò sosyal Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé lanse pou ede fanmi ki pi frajil yo.
Pwogram nan vize twa gwoup benefisyè prensipal kise paran elèv yo, fanmi vilnerab yo, ak travayè yo. Objektif la se pou soulaje difikilte ekonomik popilasyon an pandan rantre lekòl la ak pou soutni moun ki gen plis bezwen nan sosyete a.
Pou paran elèv yo, plis pase 50 000 moun ki anrejistre nan Sistèm Enfòmasyon Jesyon Elèv (SIGE) ap resevwa yon edikasyon finansye espesyal atravè platfòm MonCash ak NatCash, nan kad rantre lekòl ane akademik 2025-2026 la.
Anplis de sa, 55 000 fanmi vilnerab ki idantifye pa Ministè Zafè Sosyal (SIMAS) ap resevwa yon transfè 15 000 goud chak, kòmanse depi mèkredi 22 oktòb, atravè menm sistèm dijital yo. Menm jan an, 35 000 travayè ap jwenn menm kantite lajan an sou kont labank yo apati lendi 27 oktòb 2025.
Avèk inisyativ sa yo, Gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé reyfime angajman li pou pwoteje moun ki plis vilnerab yo, ankouraje lekòl pou timoun yo, epi ranfòse lespri solidarite nasyonal pou amelyore kondisyon lavi tout sitwayen ayisyen.

