Premye Minis la di li ogmante efò li pou retabli sekirite epi prepare eleksyon yo
Nan yon bilan semèn li, Primati a, atravè pòt pawòl li, Ené Val, prezante prensipal aksyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap mennen pou reyalize de gwo objektif nasyonal kise retabli sekirite nan peyi a epi prepare eleksyon yo pou retounen sou wout lejitimite demokratik la.
Premye Minis la fè konnen eleksyon yo se pa yon opsyon men yon obligasyon demokratik. Pandan yon reyinyon li te fè ak konseye politik ak elektoral li yo, li deklare sèlman yon pouvwa ki sòti nan eleksyon kapab bay Ayiti estabilite ak lòd konstitisyonèl li te pèdi depi plizyè lane.
Nan dat 14 oktòb 2025, chèf gouvènman an te rankontre Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) pou evalye avansman travay yo. Premye Minis la mande pou yo etabli yon kalendriye elektoral klè ak reyalis ki respekte volonte pèp la. Li fè konnen yon fon 65 milyon dola ameriken deja disponib pou demare pwosesis la, avèk plis lajan ki prevwa nan nouvo bidjè leta a.
Nan okazyon 219yèm anivèsè lanmò Anperè Jean-Jacques Dessalines, Premye Minis la lanse yon apel pou inite nasyonal, li envite tout Ayisyen sonje leson jistis, inite ak souverènte ewo nasyonal la te kite kòm eritaj pou pèp la.
Nan domèn sosyal, gouvènman an anonse liberasyon plizyè lekòl piblik nan kapital la apre deplase yo fin reloje. Aksyon sa a fèt gras ak kolaborasyon ant Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM), FAES, ak plizyè patnè entènasyonal. Premye Minis la remèsye tout enstitisyon ki te patisipe nan efò sa a pou timoun yo ka retounen lekòl.
Pou fini, yon reyinyon wo nivo te fèt ant Gouvènman an, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ak reprezantan ameriken Henry T. Wooster, sou kesyon deplwaman Fòs Repreyon Gang yo (FRG) ki jwenn apwobasyon Konsèy Sekirite Nasyonzini. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé di li reyafime volonte li pou kontinye travay pou sekirite, estabilite, diyite ak souverènte peyi Ayiti.

