Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSSECURITESOCIÉTÉ

Plis pase 9 000 moun deplase apre atak ame nan Lyankou ak Belanjè

Apre gwo atak bandi ak zam ki fèt nan komin Lyankou ak Belanjè, nan depatman Latibonit, prèske 9 000 moun oblije kite kay yo nan mwens pase yon semèn. Dapre sa OIM (Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon) rapòte, majorite moun sa yo jwenn refij lakay fanmi oswa zanmi nan lòt zòn.

Sitiyasyon difisil sa a lakoz anpil fanmi ap viv nan kondisyon ensekirite epi yo pa gen ase resous pou pran swen tèt yo. OIM ansanm ak Pwoteksyon Sivil ap ogmante efò yo pou bay asistans ijans bay kominote ki afekte yo, tankou manje, dlo, ak lòt fòm sipò.

Deplasman sa a mete plis presyon sou kominote ki deja vilnerab yo e li montre nesesite pou gen repons imanitè rapid ak soutni pou evite kriz pi grav nan rejyon an.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.