Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSJUSTICESOCIÉTÉ

Twa prizonye mouri nan prizon Sivil Jakmèl: Sitiyasyon prizon yo toujou alaman

Nan nuit 19 pou rive 20 oktòb 2025, twa prizonye pèdi lavi yo nan prizon sivil Jakmèl. Se Mardoché Louis, 30 an; Marckenson Louis, 36 an; ak Jesner Théodore, 48 an, daprè sa Jean Jeudy, kowòdonatè òganizasyon dwa moun Sosyete Makaya Sidès, fè konnen.

Majistra pè, Antonius Alexandre, ansanm ak Fritz Palenquet, te fè konsta legal kadav yo. Dapre enfòmasyon yo, Mardoché Louis te sèl kondane ofisyèlman li t ap prije yon santans 4 mwa pou vòl yon kabrit. Marckenson ak Jesner, yo menm, te an detansyon prevantif depi lontan san jijman.

Tou le twa te deja malad avan yo mouri, sa ki mete aksan ankò sou move kondisyon detansyon ak mank swen sante nan prizon Ayiti yo. Sitiyasyon sa montre ijans otorite yo genyen pou amelyore kondisyon prizon yo ak aksè prizonye yo a swen medikal.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.