Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Lekòl Nasyonal Lapolis : Enstriktè yo resevwa sètifika apre yon fòmasyon sou pedagogi enklizif

Nan jounen jedi 16 Oktòb 2025 la, Polis Nasyonal Dayiti (PNH) òganize yon seremoni remiz sètifika pou anviwon karant (40) enstriktè ak enstriktris ki sot swiv yon fòmasyon ki dire sis (6) jou nan Lekòl Nasyonal Lapolis la (ENP), ki chita sou Wout Frè, nan komin Petyonvil. Fòmasyon sa a te fèt sou tèm: “Fòme pou transfòme: yon pedagogi ekitab pou yon polis enklizif.”

Fòmasyon sa a, ki jwenn finansman nan men Afè Mondyal Kanada (AMC) epi Cowater International mete li an aplikasyon, te gen pou objektif ranfòse kapasite enstriktè yo sou kesyon enklizyon, egalite ant sèks, ak respè dwa moun.

Gwo inityativ sa, se efò ki vize fè PNH tounen yon enstitisyon plis pwofesyonèl, plis ekitab, epi pi ouvè pou tout sektè sosyete a. Li antre nan kad gwo pwojè pou ranfòse Akademi Nasyonal Polis la (RANP) an kolaborasyon ak ENP.

Pami pèsonalite ki te prezan nan seremoni an, nou te jwenn:
– Enspèktè Jeneral Frantz Lerbourg, kowòdonatè fòmasyon ENP ak ANP
– Komisè Divizyonè Aurélus Figaro, Direktè ANP
– Komisè Divizyonè John Games Olivier, Direktè ENP
– Komisè Divizyonè Prédestin Sem, ansyen Direktè ENP
– Mme Francine Sénécal, Direktè prensipal pwojè RANP

PNH mete aksan sou nesesite pou ranfòse enstitisyon an, nan objektif pou li pi efikas nan sèvis li bay popilasyon an, epi pou asire plis enklizyon ak jistis sosyal nan tout domèn li yo. Se nan sans sa a, fòmasyon sa yo se pa yon senp aktivite, men se yon pa ki mennen nan wout chanjman.

Partagez ceci

Roubens Vil

Roubens Vil, journaliste passionné par les sujets d'intérêt public, je mets ma plume au service de ma communauté.