48 polisye ayisyen resevwa fòmasyon espesyal avèk ekspè fransè pou konbat gang yo
Nan kad ranfòsman kapasite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), yon gwoup 48 polisye, ki sòti nan divès inite espesyalize, sot patisipe nan yon fòmasyon entansif avèk ekspè fransè ki soti nan inite elit RAID la.
Ant 12 ak 23 oktòb, twa ekspè RAID ansanm ak yon teknisyen fransè te dirije yon sesyon fòmasyon ki te mete aksan sou lidèchip operasyonèl ak taktik entèvansyon. Pami patisipan yo te gen polisye ki soti nan BRI, SWAT, UTAG, EPINES, BLTS, ak POLIFRONT.
Fòmasyon sa a te fèt nan objektif pou pèmèt ajan yo pi byen kowòdone operasyon yo sou tèren an nan konba kont gang ame k ap simaye laterè nan plizyè zòn nan peyi a.
Nan yon nòt laprès, Anbasad Lafrans an Ayiti salye kouraj ak disiplin patisipan yo pandan fòmasyon an. Dapre enstitisyon an, inisyativ sa a montre volonte Lafrans pou sipòte efò Ayiti nan sekirite ak estabilite. Daprè nòt la , Kolaborasyon ant de peyi yo nan domèn sekirite a deja bay bon rezilta, epi planifye pou kontinye ak lòt sesyon fòmasyon nan ane 2026 la.

