Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSENVIRONNEMENT

Ouragan Melissa pase nan kategori 5

Ouragan Melissa, ki rive nan kategori 5 jounen lendi 27 oktòb 2025 , pote avè l yon fòs ekstraòdinè ki kapab chanje figi zile Karayib yo nan kèk èdtan. Pandan Jamayik ap sibi premye frap li yo, Ayiti ap antre nan yon faz ijans kote chak desizyon ka sove oswa detwi lavi.

Nan premye èdtan lendi maten an, Melissa te lokalize nan 16.4 degre nò ak 77.8 degre lwès, ap deplase dousman nan direksyon lwès ak yon vitès sèlman 5 km alè. Avèk van k ap soufle a plis pase 260 km/h ak gwo rafal k ap monte jiska 315 km/h, se pa sèlman yon tanpèt — se yon monn kòlè lanati ki ap pwoche. Jamayik ap lite kont inondasyon, wòch ki glise sou mòn, ak kay ki rache anba fòs van an. Nan anpil komin, otorite yo di moun yo pou yo kite zòn ki pre lanmè a san pèdi tan.

Anfas sa k ap vini, Ayiti santi presyon an monte. BGRD ak pwoteksyon sivil lan mete tout estrikti yo an alèt. Depatman Sid, Nip, ak Grandans, ki sou liy frap Melissa a, kapab fè fas ak gwo lapli, koule tè, ak vag ki kapab anvayi kòt yo. Plizyè radyo lokal ap lanse apèl pou kominote yo fè rezèv dlo, manje sèch, ak medikaman, paske move tan an ka paralize tout aksè pandan plizyè jou. Menm si Melissa poko frape dirèkteman, menas li deja sou tout bouch.

Melissa se pa sèlman yon tès pou kapasite nasyon yo fè fas ak lanati, men tou pou solidarite ant pèp yo nan Karayib la. Si tout moun aji ak sajès, disiplin, ak kouraj, lanmè a ka fache, men lavi a ap toujou genyen.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.